Le Livre en papier • Alarive Koukouwouj Karant an refleksyon kritik de Sandy Larose

publier-un-livre.com_4708-alarive-koukouwouj-karant-an-refleksyon-kritik
Alarive Koukouwouj Karant an refleksyon kritik
Alarive Koukouwouj se yon liv ki rasanble divès tèks mwen te pibliye nan Jounal Haïti En Marche, nan Pawòl Kreyòl: revi Literè Sosyete Koukouy, nan divès Jounal mwen te koloabore yo, epi nan Emisyon radyo Bouyon Rasin sou CHUO-FM 89,1 anndan Université d’Ottawa. Pou mwen fè liv sa a, editè a seleksyone kèk pami atik mwen yo, epi entèvansyon piblik mwen fè sou lanng kreyòl la, sòti nan ane 1984 pou rive nan ane 2024. Objektif la se rive rasanble lide ak konsepsyon Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukouwouj) sou lanng ak literati kreyòl nan yon liv ki ka disponib sou plizyè platfòm nan lemonn antye.
Avan nou ale pi lwen, li enpòtan pou nou konprann metodoloji travay mwen. Mwen fè yon kritik lib, selon yon pwopozisyon Jean-Robert Placide. Sa vle di, yon kritik, kote jeneralman mwen suiv pwòp entuisyon pèsonèl pa mwen. Nan sans sa a, si pou
Prix : 25.00 €
Tous les prix incluent la TVA, hors frais de port
Nan liv sa a, mwen respekte òtograf Akademi Kreyòl Ayisyen an rekòmande nan dezyèm rezolisyon li te pibliye nan mwa septanm 2023 a. Sepandan, nan sitasyon dirèk yo, mwen respekte òtograf tèks orijinal yo te genyen nan moman otè tèks sa yo te pibliye yo a. Piplis toujou, mwen ap atire atansyon tout moun sou Pingga Sosyete Koukouy konsènan fason AKA ta dwe amilyore pwopozisyon li yo sou òtograf la.
Nan divès seksyon ki parèt anndan liv la, nou va remake tout aksyon mwen antreprann pou mwen demontre tout moun, lanng kreyòl la pa gen limit. Limit li, se limit moun ki ap sèvi avèk li yo. Poudayè, nanpwen okenn lanng ki rete epi ki grandi tèt li oswa devlope tèt li san aksyon dirèk sitwayen ki ap sèvi avèk li yo. Anfèt, si pou lanng kreyòl la rive branche nan tout espas lakonesans, dwe genyen yon revèy konsyans total kapital nan mitan moun ki genyen divès konpetans epi nan divès branch. Yotout dwe bay tèt yo wòl mèt mo ak lide pou yo leve tout defi ki vin frape pòt sosyete nou an sou plan lenguistik. Se noutout, kòm mèt mo, ki genyen devwa pou nou fè lanng kreyòl sèvi nou bousòl nan divès aksyon nou ap antreprann. Se kalite ajisman kon sa, ki pral touye tout kalite laperèz ki anpeche nou mennen lanng kreyòl la nan dimansyon, kote li poko rive jounen jodi a. Alaverite, se kalite ajisman avangadis sa yo ki pral kraze prejije, fè enjistis sou baz lanng nou pale a bat an retrèt, epi reveye fyète moun ki genyen lanng kreyòl la kòm sèl grenn resous pou yo kominike anndan peyi a.
Auteur : Sandy Larose
Catégorie : Littérature générale - Actualités, Reportages
Format : A5 (14,8 x 21 cm)
Nombre de pages : 262
Couverture : Souple
Reliure : Dos carré collé
Finition : Brillant
ISBN : 978-2-9821398-8-6
« Retour au catalogue
Sandy Larose Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukouwouj) fèt Ayiti nan ane 1953. Li ap viv Kanada depi 1980. Pwofesè syans alaretrèt, li... Tous les ouvrages de cet auteur »
Le Livre en Papier c'est aussi :
Paiement par carte
Le Livre en Papier vous permet de payer vos commandes par Bancontact, Visa et Master Card mais également par virement bancaire.
Expédition à l'international
Le Livre en Papier expédie vos commandes où que vous soyez via les services de Bpost.
Publier votre livre gratuitement !
Le Livre en Papier vous permet de publier un livre gratuitement, sans surprise, ni frais cachés. Cliquez ici pour plus d'informations